Kód: 38648289
(...) Pa gen anyen ki pi dwòl ke leve nan yon fon somèy san ou pa konn kote ou ye, tout souvni w se lonbraj. Youn apre lòt, tout pati nan kò w ap reveye pandan zye ou ap chèchè endis. - Kibò m' ye la? Pansman nan bra, souvètman pr ... celý popis
Francouzština
Nákupem získáte 30 bodů
Anotace knihy
(...) Pa gen anyen ki pi dwòl ke leve nan yon fon somèy san ou pa konn kote ou ye, tout souvni w se lonbraj.
Youn apre lòt, tout pati nan kò w ap reveye pandan zye ou ap chèchè endis.
- Kibò m' ye la?
Pansman nan bra, souvètman pròp epi yon kabann ki dous konsa. Genlè se yon rèv.
- Woy! Piga yo dwoge m'! Pa fè tèt cho... Men yon moun ap vini, vit! Fè kòmsi w'ap dòmi men ret sou men w'. Bat pou pran yo pa sipriz. (...)
An Jiyè 2011, se avèk anpil chòk ke mwen te aprann jan yo te vyole e asasine R. Lindor, yon ti jèn etidyan Ayisyèn ki t'ap viv Sen-Domeng. Mwen pa t' rekonèt li pèsonèlman men mwen se zanmi kamarad klas li e daprè sa m' tande se te youn nan moun ki pi janti ki te genyen. Nou tout te frape anpil ak trajedi sa, si tèlman ke nou menm anrejiste yon mizik nan memwa li, men pou mwen sa pa t' ase.
Trajedi sa te ante lespri mwen pandan anpil ane jiskaske mwen rive ekri istwa sa ou pral li la.
L'ap choke ou e li ka fè dlo soti nan zye w men finalman l'ap pèmèt ke ou gen yon lòt vizyon de tansyon ak rayisman ki genyen nan mitan 2 nasyon sa yo, de konsekans ki genyen sou sa ki pi vilnerab yo ak enpòtans ki genyen pou sansibilize kont vyolans ak abi sou moun ki ap chèche lavi miyò.
M'ap envite ou al li istwa sa ke ou pap janm bliye apresa, vin dekouvri jan lespri frajil ak jan lanmò pa janm trò lwen. Vin dekouvri sekrè Mèt la ak anpil lòt mistè ankò, vin aprann kisa ki " RITYÈL MÈTRYE A ".
Parametry knihy
Zařazení knihy Knihy v angličtině Fiction & related items Fiction: special features Short stories
299 Kč
FrancouzštinaOsobní odběr Praha, Brno a 46611 dalších
Copyright ©2008-26 nejlevnejsi-knihy.cz Všechna práva vyhrazenaSoukromíCookies
Vrácení do měsíce
571 999 099 (8-15.30h)Nákupní košík ( prázdný )